Kilès ki di «Tout bagay boule jouk nan mwèl, pa menm yon grenn ladan pa sa donnen...»? Kilès sa ki di menm Latè trepase? Non, se souf li kenbe pou l’ fe tan pase. Non, kò matris Latè pa sa dewete Jou sa ta rive fèt, fòk lanmè a ta wouke. Kilès ki di menm chabon Latè pa ka fè? Non, se ve li pote lè l’ gen chagren Kòmkidire mak doulè ki pran chè. Kote bonm tonbe se malenng anvlimen. Tout venn kòd lonbrit latè detire Doulè yon java l’apa sa lande. Jouk nan dènye souf l’ap toujou sipòte; Pa konprann li kokobe vivi pou sa! Kilès sa ki di latè li pèdpawòl, Kòm kwa chante pou li se swa jamè? Non! Menm lè l’ap djayi, dlo pa koule nan zye-l, Nan tout tranche malenng ki filange pò-li; Latè, nou wè la a, se fonnanm-nou, Nanm yo sapata san yo pa janm abomotcho! Kilès sa ki di latè li alatik? Non! li kenbe souf pou l’ tann tan pase.
© Manno Ejèn. Tradiksyon, 2015